24/02/2022
Lè ou rankontre bon moun nan, w ap santi sa nan fon andedan kè ou, menm anvan ou vèbalize sa. Selil antye ou yo ap kontan. W ap santi tankou w ap pouse zèl. Ou pap pè montre sansiblite w, ni gade foli ou, w ap santi w konfyan san w pa konnen poukisa. Lè w rankontre bon moun nan, anviwònman w ap chanje. Se pa ke li pa t briyan anvan, men sa a pral sanble, pi bèl pase anvan.
Lè ou rankontre bon moun nan, kè ou ap bat pi fò. W ap santi tankou w ap pèdi balans ou. W ap santi l konprann ou. W ap santi l ba w valè. Lè ou rankontre bon moun nan, ou pap wont pou montre defo ou yo, paske lè w avèl, ou pap panse a sa ki te pase, kòmsi prezans li sèlman ase pou pote rekonfò ak estabilite ou bezwen. Lè ou rankontre bon moun nan, w ap kite relasyon ou pran matirite, ak santiman pwofon sa a, ki soti nan nanm ou, ke moun sa a se moun pa w la.
♥️😘♥️
16/02/2022