11/09/2023
Anpil moun di se rezo sosyal yo ak Biden ki koz rezilta yo konsa nan Depatman Nò a. Mwen ka konprann sa n di a. Men èske sistèm lan menm pa yon générateur d'échec? Akoz sitiyasyon ekonomik ak sosyal pèp ayisyen an, l ap difisil pou n kontrekare koze Biden lan. Men pou rezo sosyal yo, Leta, pwofesè ak paran ka ede timoun yo kontwole yo, olye se rezo yo ki pran kontwòl timoun yo. Si n gade byen, n ap wè, malgre to reyisit la ba, lekòl kongreganis yo ak kèk lekòl katolik otonòm toujou kenbe estanda yo. Ebyen pa gen okenn elèv kongreganis ki gen dwa itilize telefòn menm sou lakou a. Telefòn li dwe rete andedan valiz li. Si l gen yon ijans, li pral nan siveyans lan. Epi yo toujou ap egzòte paran yo pou yo pa kite timoun yo nan telefòn ta leswa. Donk tan elèv sa yo sou rezo sosyal yo diminye ni nan lekòl la, ni lakay yo. Men nan lekòl piblik ak popilè yo, se yon lòt reyalite. Pafwa gen nan elèv yo ki konn menm gen kas nan zòrèy yo pandan pwofesè ap travay. Sitou, anpil fwa, gen moun ki nan lekòl popilè yo ki demagòg, pafwa yon bò konn ap kòde, yon lòt bò ap dekòde. Sa vin afebli yo nan desizyon yo ap pran. Epi rive lakay la menm se tèt chaje, timoun lan pa vrèman gen repè. Sèl sa k ka sove yon elèv konsa, se konsyans li, vizyon ak objektif li. Si n gade nan dokiman MENFP HAITI Officiel Nesmy Manigat a mete deyò a sou sa ki konsène dwa ak devwa anseyan ak elèv yo, li mande pou telefòn elèv yo etèn nan lè kou yo. Konnya di m konbyen dirijan ki pral aplike desizyon sa nan lekòl popilè yo🤷♂️? Vin mete sou sa iregilarite pwofesè, elèv k ap kite lekòl avan lè, dekourajman oswa absans motivasyon bò kote kèk elèv ak kèk lòt pwoblèm anpil nan nou konnen deja.
Mwen konnen òganizasyon tout lekòl pa menm, men estrikti a pa pran nesans pou kò l, se kreye yo kreye l.
Me Vinel LOUIS
Éducation/Examens du bac/Résultats
Publication des résultats des examens du bac unique (S4) pour le Nord
Taux de réussite global Nord : 30, 06 %
Le ministère de l'Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a l'avantage de publier les résultats des examens du bac unique (Secondaire 4) pour le département du Nord.
Suivant les données fournies par le Bureau national des examens d'État (BUNEXE), 3 652 candidats sont admis sur 11 935 participants, soit un taux de réussite de 30, 06 %.
Il s'agit du septième département dont les résultats sont connus à date après le Centre, la Grande-Anse, les Nippes, le Nord-est, le Nord-Ouest et le Sud.
Les autres départements seront communiqués sous peu.
Les directeurs d'établissements scolaires sont invités à retirer le palmarès de leur école à la Direction départementale d'éducation (DDE) concernée.
Bureau de communication/MENFP
24/07/2023
24/07/2023
24/07/2023