EducaTech

EducaTech

Partager

Pour avoir beaucoup de fans, et ameliorer notre image dans le secteur musical haitien.

10/11/2025

Sèl sam konnen pral gen yon ratman bòz 😂😂

09/11/2025
08/10/2024

Epa san rezon ki fè yap trete nou kòm yon sou ras
Nan legliz youn ap fè tripotay sou lòt
Nan lekol yap fè maji pou timoun ki pi fò ke timoun pa yo
Nan travay youn ap poudre lòt poul pa fè 3jou nan travay sa
Nan politik youn ap voye tire lòt
Nan lopital poun ta sove vi se la nou detwi plis vi
Ou di moun lan pa jete fatra nan lari a li lavew ak betiz
Nou kwè nan mache nwa
Nou pa janm kontante nou, sa rann nou mechan plis
Nou pa inosan nan eta nou ye la menm lè ta gen yo men kache dèyè

21/05/2024

Zansèt nou yo te batay pou ba nou libète men jounen jodia nou tèlman gen divizyon pami nou, nou tèlman pat kwè nan edikasyon nan fòme moun pou yon pi bon demen. Gade jounen jodia nou sou okipasyon. Se gras ak egoyis nou, neglijans nou ki koz peyi a sou okipasyon. Nou pat janm bay ti jèn yo chans, nou te pito fè yon travay sèvo pou yo te ka wè pa gen avni isit. Fè yo kwè vi an se kite peyi sa, sak pa kapab yo pran yon bra moto oubyen brase lari a. Konbyen palmantè, majistra , kazèk kite batay pou seksyon pa yo pou komin pa yo? Kisa nou te fè pou ti jèn sa yo te gen yon bagay nan tèt yo pou konbat lavi a? se vre fòs la ka vin retire zam nan men bandi, yap vin bay sekirite
Men se pa yo ki pral diw pa jete fatra kotew jwenn
Se pa yo ki pral diw pa vann galon gaz 300$
Se pa yo ki pral diw sispann ak siw pa jwenn paw ladanl li pap separe nou pito kitel gate
Se pa fòs la ki pral diw pa boule byen moun fin redi fè nan 10zan, sispann boule byen malere kap redi nan vi a
Fòs la pa pral fòsew aprann yon bagay kap itil ou demen
Fòs la pa pral aprann ou gen fyète ak respè pou kòw.
Nou se sèl nasyon ki pa respekte anyen
Nou pa respekte kreyatè ni kreyati, nou pa gen respè pou otorite, nou pa respekte sante moun, nou pa respekte lavi moun. Fòs milti nasyonal lan ka fè nou viv nan sekirite men jamè fè nou moun ni vin yon pép si nou pa gen ògèy.
Nou pap ka entèdi fòs la rantre men nou dwe gen kontwòl sou sa ki pral fèt la.
Apre fòs la fin ba nou ti sekirite a, kisa peyi a pral devni apre 10zan???? Kisa nou pral fè poun pa tonbe anba men ti vòlè bandi gang san pidè sa yo ankò??

23/03/2024

Siw gen yon iphone 11pro pou vann ekrim

22/03/2024

Mwen sèman genlè ki wè sa sòlda blan meriken ap rantre tikal pa tikal nan peyi a..

07/03/2024

Si'w gen iPhone 11,X wap vann kontakte'm.

15/01/2024
Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Cabaret ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Type

Téléphone

Site Web

Adresse


Cabaret
Cabaret
HAUT-DAMIER