Ann reflechi poun chanje

Ann reflechi poun chanje

Share

Jezi pa lwen tounen gen kèk chanjman ki enpòtan nan lavi nou kom moun kom kretyen kom sitoyen on peyi Bonjou zanmi mwen yo !

Mwen se Sandra Elizabeth Villarson, yon ekriven k ap grandi nan ekriti espirityèl ak powetik. Sou paj sa a, mwen pataje refleksyon ak tèks mwen ekri an kreyòl ayisyen. Pou moun ki enterese li menm tèks sa yo nan lang franse, mwen envite nou vizite paj mwen ki rele :
👉 Sandra Elizabeth Villarson
https://www.facebook.com/sandra.e.villarson/about_details

Lè nou swiv de paj sa yo ansanm, n ap dekouvr

05/25/2026
05/18/2026

Ayiti tè sen,
Ayiti tè beni,
Ayiti tè gerizon,
Ayiti tè lapè,
Ayiti tè lanmou,
Ayiti tè gloriye.

Yo te wè pousyè,
men Bondye wè destine.
Yo te pale de tonbe,
men syèl la deja pale de leve.

Malgre van yo soufle fò,
rasin nou toujou kanpe.
Paske se pa sèlman yon peyi nou ye,
se yon pèp Bondye kenbe nan men li.

Yo pap sèlman sonje Ayiti pou doulè li,
men pou fòs li, lafwa li,
ak glwa k ap leve ankò.

Ayiti pa fini.
Ayiti se yon pwomès k ap mache nan mitan dife pou rive nan glwa.

04/29/2026

Bondye se lanmou. Li pa fè patipri, Li pa chwazi moun selon ras, pozisyon, ni istwa yo. Bib la fè nou konprann klèman ke Kris te mouri pa sèlman pou moun ki deja kwè, men pou tout limanite, menm pou moun ki pa rekonèt Li.

Ou ka pale ak tout moun, men ou pa oblije pran mantalite yo.
Ou ka renmen tout moun, men ou pa oblije suiv move chemen yo.
Ou ka antre nan yon anviwònman, men ou pa dwe kite anviwònman an antre nan ou.

Chak moun gen yon misyon diferan, ak yon fason diferan Bondye ekipe yo pou yo akonpli li.

Nan Bib la, nou wè Pyè ki te resevwa yon vizyon kote Bondye te montre li pou li pa rele enpwòp sa Bondye fin netwaye. Sa te ouvri je li pou konprann ke Bondye ap travay pi laj pase limit li te konnen yo.
Men nou wè tou Apot Pòl, ki te gen yon apèl diferan. Li te antre nan diferan espas, pale ak diferan moun, epi adapte li ak sajès, san li pa janm konpwomèt verite a. Li pa te chanje mesaj la, li te chanje fason li pote li.
Sa montre nou yon verite enpòtan: Bondye pa itilize tout moun menm jan, men Li itilize tout moun avèk menm objektif la.

Se la sajès antre.

Sajès se konnen kijan pou ou mache nan misyon ou san ou pa konpwomèt prensip ou. Se konnen ki kote pou ou antre, ki sa pou ou di, epi kijan pou ou rete fidèl ak Bondye nan tout sa ou ap fè.

Eske nou konnen chak moun gen yon apèl, men yo pa gen menm chemen?

Ann reflechi sou sa, sa nou panse?

1 Korentyen 9 : 20 Lè m ak Jwif yo mwen viv tankou Jwif, pou m ka ede sove Jwif yo. Lè m ak moun k ap viv sou lalwa mwen viv kòmsi m te sou lalwa, menmsi an reyalite mwen pa sou lalwa. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki ap viv sou lalwa.

04/13/2026

Im pou Jenès la: Fyète d Ayiti

Kouplè 1

Nou vle fè ou Ayiti cheri
Byen djanm byen fò devan tout pèp,
Nou deside fè w tè beni nou an,
Yon fyète pou zansèt nou yo.

Yon peyi lib, yon tè ki byen rich,
Bèl eritaj yo te ban nou,
Ak tout renmen ak tout fòs kè nou,
N ap travay pou n sove ou.

Refren

Se nou menm jèn k ap etidye lekòl,
Se nou menm gwo ak piti yo,
Demen yon glwa pou Ayiti,
Ak kè kontan ak tout fòs nanm nou.

Toujou n ap vanse pi devan,
Avèk fyète tèt nou byen wo.

Kouplè 2

Annou mache avèk vigè,
Paske nou vle tout moun konnen,
Anba po nou ak nan tout venn kò nou,
Yon san ki vanyan ap ponpe.

Epi n pare pou defann ou,
Devan tout vye bagay ki lèd,
Anpil moun ta ka ba w pou pote,
Men sa nou di byen fò se NON.

Kouplè 3

Annou kanpe avèk fyète,
Pou nou defann drapo nou an,
Nou dwe toutan kontinye ap lite,
Ideyal nou se yon bèl bagay.

Pa gen perèz, gen bon kouraj ak lespwa,
Annou mache pou pi devan,
Annou mache san nou pa lage,
Si nou vle pou nou pa febli.

Kouplè 4

Wi pou lonè, diyite ras nou,
Nou dwe genyen pitit manbre,
Pitit lelit, pitit mas pèp nou an,
Ann mete men nan konbit sa a.

Pou n remete patri nou kanpe,
Se fanm vanyan, gason vanyan,
Bèl Ayiti, bèl manman cheri,
Se moun brav sa yo ou bezwen!

Kouplè 5

Ann fè flote drapo nou an,
Pou l pavwaze atoujamè,
Gran jou nan gran limyè ki byen klere,
Nan peyi nou ki vle lapè.

Epi si nou ta jwenn lagè,
Gason vanyan ak fanm vanyan,
Nou tout n a kouri tounen Vètyè,
Batay pou n kore libète n.

Refren final

Nou se yon pèp ki toujou byen vanyan,
Nou se pitit yon ras ki djanm,
Yo te libere Ayiti,
Ann vlope nou nan glwa zansèt yo.

Annou mache men nan lamen,
Avèk fyète tèt nou byen wo.

04/07/2026

Piga nou bay chen bagay yo mete apa pou Bondye. Piga nou jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon. Si nou fè sa, kochon yo va mache sou yo, epi y'a vire sou nou vin dechire nou.

Matye 7:6

04/06/2026

Tout zanmi ki toutan ap raplew feblès ou saw gen lakay ou ki pa bon se pa yon zanmi paske li pa pwoteje kè ou.

Fè atansyon.

Zanmi pa plis ke sa nou ka santi. Zanmi nan bon sans li, se pwoteje nou youn lot.

Ann réfléchi sou sa, sa nou pansé?

Want your school to be the top-listed School/college in Montreal?

Click here to claim your Sponsored Listing.

Location

Telephone

Website

Address

Montreal, QC