13/08/2026
🔥 OU PANSE DROPSHIPPING SE YON BAGAY KI KONPLIKE?
Petèt se paske pèsonn pa janm montrew etap yo nan bon sans lan.
Lè mwen te kòmanse travay nan e-commerce, mwen te oblije pase anpil tan ap chèche enfòmasyon, teste diferan pwodwi, fè erè, pèdi tan epi aprann nan sa ki pa t mache.
Jodi a, bagay yo diferan.
Avèk bon zouti, bon estrateji e yon bon sistèm, ou kapab konstwi yon biznis e-commerce ak laptop ou oswa telefòn ou sanw pa bezwen gen yon gwo magazen fizik, san ou pa bezwen achte gwo kantite pwodwi davans epi sanw pa bezwen konnen tout bagay depi premye jou a.
Men gade kèk nan etap mwen itilize yo 👇🏾
💎 ETAP 1: Chèche pwodwi ki gen potansyèl epi analize mache a.
💎 ETAP 2: Verifye si gen moun k’ap achte pwodwi sa yo epi konbyen lajan yon magazen ka fè avèk yo.
💎 ETAP 3: Chèche yon bon founisè ki kapab vann ou pwodwi a nan yon bon pri.
💎 ETAP 4: Mete pwodwi a sou yon magazen Shopify ki fèt pou konvèti vizitè an kliyan.
💎 ETAP 5: Itilize AI pou kreye yon magazen pwofesyonèl san ou pa bezwen pase plizyè jou ap konstwi li.
💎 ETAP 6: Kreye yon bon paj pwodwi ki kapab fè moun konprann valè pwodwi a epi pran desizyon pou achte.
💎 ETAP 7: Kreye kontni ak videyo avèk zouti AI pou teste diferan fason pou prezante pwodwi a.
💎 ETAP 8: Kreye piblisite sou Facebook ak Instagram pou mete pwodwi a devan moun ki enterese avèl.
💎 ETAP 9: Lè vant yo kòmanse fèt, analize rezilta yo, optimize sa ki mache epi repete pwosesis la.
Sa pa vle di tout moun ap fè lajan fasil.
❌ Dropshipping pa yon bouton “GET RICH QUICK”.
Men li se yon modèl biznis ou ka aprann, teste epi devlope si ou pran tan pou konprann jwèt la.
E pi gwo pwoblèm mwen wè lakay anpil moun se pa mank lajan.
Se mank bon direksyon.
Yo gade 50 videyo diferan, yo itilize 20 zouti diferan, yo kòmanse 5 store epi yo pa janm rive konstwi yon sistèm ki solid.
Se egzakteman pou sa mwen kreye Money Printer Academy (MPA).
🎓 Nan MPA, objektif la se pa sèlman ba w enfòmasyon.
Nou vle montrew egzakteman KISA pou fè →KIJAN pou fè li → KI ZOUTI pou itilize → EPI KIJAN pou evite erè ki fè anpil DEBITAN pèdi tan ak lajan.
Siw serye epi ou vle aprann kijan pou kòmanse nan e-commerce/dropshipping avèk yon bon direksyon, mwen prepare yon fòmasyon gratis pou ou.
👇🏾 Kòmante “FÒMASYON” anba post sa a.
M ap voye enfòmasyon yo ba ou dirèkteman nan DM. 📩
Pa jis like post la epi pase.
Ekri “FÒMASYON” si ou vle mwen voye l ba ou. 🚀
fans