Collège STAFF DES Spécimens

Collège  STAFF DES Spécimens

Compartilhar

Collège STAFF DES SPÉCIMENS est une école de qualité !!

29/06/2022

Au nom du président Clermont de cette brave organisation Staff Des Spécimens, et au nom de notre PDG Hill Pompilus, Hill Plast & Staff Des Spécimens renouvelle leur complicité pour la protection de l'environnement.

19/05/2022

Examens D’Etat/BAC Permanent: Inscription des candidats du 4 au 20 Mai 2022

17/05/2022

Bonsoir à tous et à toutes,
A l'occasion de la journée nationale des enseignant(e)s ce jourd'hui 17 Mai 2022, la Direction du *COLLÈGE STAFF DES SPÉCIMENS(CSDS)* vous adresse ses compliments pour le travail ô combien considérable que avez accompli au sein de l'Institution. Elle en profite pour vous renouveler sa confiance dans l'accomplissement de votre mission qui est de fournir à nos élèves une éducation de qualité.
Joyeuses fêtes à vous tous et à
vous toutes!

*La Direction*

07/01/2022

" Edikasyon se pa preparasyon pou lavi,edikasyon se lavi menm."_ John DEWEY

01/01/2022

*Enplikasyon yon swè genyen*

Yo defini yon " swè " kòm yon bagay nou ta renmen oubyen swete ki reyalize pou yon fanmi,zanmi oubyen pou yon moun kèlkonk.Men,èske depi nou fin fè yon " Swè " l ap rive jan nou swete sa?Pou nou reponn kesyon sa nou pral wè (2) enplikasyon yon swè genyen :

1) Enplikasyon moun nou fè swè a.

2) Enplikasyon gran kreyatè Linivè.

*Enplikasyon moun nou fè swè a*

Eksperyans aprann nou se pa sa nou di k ap chanje yon sitiyasyon men pito se aksyon nou fè yo.Ou ka toujou swete yon moun yon bon bagay, men si moun nan pa fè efò pou l jwenn sa w swete l la ou mèt gen asirans " swè " sa p ap janm reyalize vre.

*Enplikasyon gran kreyatè Linivè a*

Se vre nan antanke imen nou ka toujou vle yon " swè " reyalize pou yon fanmi, zanmi oubyen yon moun nou renmen anpil.N ap raple nou, nou limite antanke imen nan konnen ki konsekans yon byen yon moun kapab vin genyen kapab genyen sou lavi moun sa.Nou kapab ta " Swete " yon fanmi,zanmi oubyen yon moun kèlkonk nou renmen genyen yon machin,men si gran kreyatè Linivè a gentan wè machin sa nou ta renmen moun sa nou renmen anpil la genyen an ka koz yon danje pou moun sa pi devan konnen kreyatè a p ap janm kite " Swè " sa nou swete pou moun sa reyalize koz l ap mete lavi l an danje!

* Leson an,sèke nou pa ekri tèks sa nan lide pou nou di yon moun pa fè yon " Swè " ,men nou jis montre nou (2) enplikasyon yon swè genyen.Nou ankouraje nou fè swè nou yo plis rasyonèl an amoni ak kapasite moun n ap fè swè yo. Pa mete nan lespri nou ke nou pa konn fè moun " Swè " tou!!!

N ap swete nou fè bon " swè " ki reflechi e ki reyalis ak fanmi,zanmi nou yo pou yo ka reyalize !!!

* L'organisation STAFF DES SPÉCIMENS (SDS) en marche vers l'éducation !!!

Téls : (+509) 3737-798/3324- 6682/3760-2552

Émail : [email protected]

- Page Facebook : STAFF DES SPÉCIMENS

- Page Facebook : COLLÈGE STAFF DES SPÉCIMENS

- Page Facebook : École professionnelle STAFF DES SPÉCIMENS

16/12/2021

Lòganizasyon STAFF DES SPÉCIMENS (SDS) gen anpil lapenn Akoz trajedi aksidan ak eksplozyon yon kamyon ki t ap transpòte gaz nan vil okap.Nan non lòganizasyon STAFF DES SPÉCIMENS (SDS) nou prezante kondoleyans sensè nou yo bay sila yo ki blese yo ansanm ak fanmi,zanmi sila yo ki pèdi lavi yo.

Nou swete bon retablisman ak moun ki blese yo oswa ki afekte yon fason kèlkonk pa eksplozyon mòtèl sa ki mete anpil dlo nan zye frè ak sè nou yo !!!

Lòganizasyon STAFF DES SPÉCIMENS (SDS) eksprime senpati ak pèn li ak frè,sè nou yo nan moman difisil sa.

* L'organisation STAFF DES SPÉCIMENS (SDS) en marche vers l'éducation !!!

Téls : (+509) 3737 7981 (Whatsapp)
3324 6682/3760 2552

Page Facebook : STAFF DES SPÉCIMENS

Page Facebook : COLLÈGE STAFF DES SPÉCIMENS

Groupe Facebook : STAFF DES SPÉCIMENS

28/11/2021

Manje lew konsome ki ogmante risk devlopman yon kansè

1- S*k rafine (s*k blan)
Anplis ke li ka fė’w obèz , s*k rafine daprè etid yo revele ke li nouri selil maladi kansè yo.

2- Pwason sale
Selon yon etid sosyete kanadyėnn sante te reyalize yo jwenn nan zòn nan mond lan kote yo manje anpil pwason sale moun nan zòn sa yo fė anpil kansė nazofarenks.

3- Bwason gazez
Daprè yon etid Syedwa te reyalize nan lane 2012 yo te revele ke lè yon moun bwè yon kanèt oubyen yon boutèy bwason gazez chak jou, li ogmante risk a 40% pou yon gason fė kansė pwostat.

4- Farin blan
Anplis ke farin blan gen dyoksid klò ki se yo pwodwi fondamantal pou fė farin lan sòti tou blan an, farin blan gen yon lòt pwodwi danjere pou lasante sa yo rele bwomat potasyòm ki se yon pwodwi ke sant entėnasyonal rechėch sou maladi kansė konsidere kòm kanserijèn sa vle di ke li ka bay maladi kansè.

5- Pòpkòn nan maykowev
Anpil etid revele lė ou manje pòpkòn ki fėt nan maykowev ou ap gen anpil chans pou ou fè kansė fwa, pankreya ak boulgrenn.

6- Somon elvaj
Gen de tip de somon gen somon elvaj epi gen somon sovaj, etid yo revele ke moun ki manje somon elvaj yo on fwa pa mwa gen plis risk pou devlope kansè ke moun ki manje somon sovaj paske manje yo alimante somon elvaj yo fè yo vin kanserijèn.

7- Tomat nan bwat konsėv yo
Daprė yon etid nan lane 2008 ke laboratwa xenoanalytical LLC nan inivèsite Missouri kote yo revele ke tomat nan bwat konsèv yo, yo gen yon pwodwi yo rele Difenòl A ki se yon pwodwi chimik yo itilize nan fabrikasyon plastik e menm pwodwi sa a yo jwenn li bay kansè nan tete kay medam yo.

8- Pistach
Pistach bon anpil pou lasante, men lė li kontamine avèk yon tip djondjon (chanpiyon) ki pwodwi yon sibstans yo rele aflatoksin, sibstans sa a bay kansè, men ka sa yo plis repete nan pistach ki sòti nan kontinan azi ak afrik.

9- Vyann wouj
Lè ou manje anpil vyann wouj (tankou bèf, mouton, kabrit), li kapab kondwi ak maladi kansè. Poutèt sa moun ki manje anpil vyann wouj, risk pou li fè kanse kolon agmante a 17%.

10- Lwil tounsòl chofe
Daprè anpil etid, lwil tounsòl ak mayi lè ou chofe’l li vin kanserijèn, sa vle di li ka bay kansè.

11- Pate kòde
Se menm jan ak pen yo fè ak farin blan, lè yon moun manje anpil pate kòde li gen anpil risk devlope maladi kansè. Paske pate lè li fri, li vin devlope yon sibstans yo rele Akrilamid e ki trè kanserijèn.

12- Let
Daprė sosyete kanadyènn kansè, yo revele ke grès animal ou jwenn nan lèt bèf li favorize kansè pwostat. Sa vle di si w’ap konsome lèt li ta pi bon pou ou pran lèt yo retire grès la oubyen pa konsome li anpil.

13- Chip yo
Menm jan ak pate kòde yo, yo jwenn chip yo gen akrilamid, se sa ki fe yo ka bay maladi kansè lè ou manje’l anpil.

14- Vyann boukannen
Vyann boukannen tankou babekyou pa bon pou lasante, gen anpil etid ki revele ke yo gen pou yo wė ak kansė pankreya, ren e menm kansė nan tete.

15- Viv alimentė fri yo
Anpil etid revele prezans akrilamid nan viv alimantè fri yo tankou lamveritav fri, patat fri, manyòk fri. Akrilamid la kanserijèn e yo demontre’l nan anpil etid. Paske amidon oubyen s*k lè yo an kontak ak lwil cho nan tanperati 120 degre selsyis, yo devlope yon sibstans yo rele akrilamid e sibstans sa a bay kansè.

16- Pen blan
Daprè yon etid inivèsite Tekzas reyalize ke moun ki konsome anpil pen blan risk li ogmante a 49% pou li devlope kansè poumon.

17- Bwason ki cho
Tankou kafe, te, chokola, daprè ajans kansė OMS, lè ou bwè bwason sa yo cho ke tanperati yo siperyè 65 degre selsyis, ou gen anpil risk pou ou fè kansè ezofaj.

18- Manje jenetikman modifye
Se manje sa yo yo rele OGM, se manje yo modifye yo ak pwodwi chimik pou fè yo donnen pi rapid, tankou mayi moulen etranje, banann elatriye. Tout pwodwi modifye sa yo, etid revele ke yo bay kansè.

19- Vyann konsèv yo
Tout vyann konsèv yo kanserijèn sa vle di yo ka bay kansè ke se te òtdòg, salami, sosis, janbon, mòtadèl.

20- Alkòl
Daprè yon etid ke inivèsite Otago nan peyi Nouvèl Zeland te reyalize nan lane 2016 kote yo wè ke moun ki bwè anpil alkòl gen anpil risk pou yo devlope 7 tip kansè diferan tankou: owofarenks, larenks, ezofaj, fwa, kolon, rektòm ak tete.

21- Vyann poul konjele
Gen anpil fèm elevaj poul nan mond lan ki ajoute asenik nan manje y’ap bay poul yo manje a. Asenik fè poul la grandi pi vit e yo itilize mwens manje. Se poutèt sa FDA Ozetazini te mande laboratwa Pfizer pou li kanpe nan fabrikasyon Wokzazòn (Roxarsone) ki se medikaman yo ajoute nan manje poul yo e li gen asenik ladan’l se sa ki fè konsomasyon poul sa yo anpil li kanserijèn.

22- Lwil yo refri
Lè ou fin fri avèk yon lwil ou sipoze jete’l, pa reitilize’l paske depi on lwil fin chofe gen chanjman ki pwodwi nan estriti chimik lwil la e ke menm lè li refwadi li pap reprann estriti chimik orijinal li. Lè ou pran on lwil ki te fri deja ou al refri avèk li, lwil sa a vin kanserijėn.

©️maladi kansè

Quer que seu escola/colégio seja a primeira Escola/colégio em Londrina?

Clique aqui para requerer seu anúncio patrocinado.

Localização

Telefone

Endereço

Londrina, PR