Jeff Toussaint

Jeff Toussaint

Partager

Bienvenue sou chanèl la, sou chanèl la, m'ap bay cours Mathématiques (Analyse ak Suite Numerique)ak tout elèv Rheto ak Philo. M'ap apran'n nou tracer Courbe.

Si nou renmen travay la, pase abonner avém sou Facebook, Youtube ak Instagram.

30/04/2022

JENI CIVIL MWEN YO
Si ou te etidye jeni sivil, li difisil pou w jwenn yon travay an Ayiti paske Ayisyen pa nan zafè pran achitèk pou fè plan kay epi ba enjenyè fè travay la. Si w rivé nan diaspora a ak diplome nan, li preske imposib pou w jwen job san w pa pasé PE license la, e m pa kwè yap kite w fè l tou.

Si w en ayiti oubye ou nan dyaspora a ak diplòm jeni sivil ki sot Ayiti nan men m , men plan atak ou.

#1
Telechaje aplikasyon Duolingo a, aprann angleé pou 6 mwa, 4è tan pa jou, 30è pa semèn, 780 è nan 6 mwa. Lè w fini ale nan www.ets.org pran egzamen TOEFL la, li koute $95,
Skill #1 anba bwa w.

#2
Alè sou yonn ou 2 nan 4 websites sa a yo
www.udemy.com
www.shortcoursesportal.com
www.coursera.org
www.linkedin.com

Pran 2 kou sou chak sa a yo m liste la a.
Sa Vle di Wap pran 14 kou, si se sou udemy Wap pran yo, yap kouté $20x14 = $280

AutoCad Civil 3D.
Pwogram injéniè Civil yo plis itilize Pou fè desen kay, konsepsyon, analiz ak simulation pou toute sa ki gen pou wè ak konstriksyon kay.

HEC-HMS
Konsidere kòm yon estanda pou simulation idrolojik, plombing.

Microsoft Project
Sa a bon anpil nan ede jere pwojè jeni civil yo.

SAP2000
Lojisyèl yo pi itilizé sitou nan konsepsyon building parasismik

Autodesk 3ds Max,
Se yon pwogram grafik 3D pwofesyonèl pou fè animasyon 3D, modèl, jwèt, ak imaj, Ki ka fè w wè Kijan kay la ap sanble avan meme yo kloure yon grenn klou.

SketchUp,
Enteryè designer yo itilizé sa a anpil

Autodesk Maya
Pou 3D Rendering

Lè w fini ale sou www.prometric.com pasé examen pou ka gen sètificasyon yo (trè impètan)

Lè w fini, ale sou www.naces.org, fè yo evalyé, tradwi diplòm jeni w la ak transcript ou all pèsonèlman m renmin WES ak Josef Silny, men ou la chwazi nimpòt Ou Vle.

Ak 7 nouvo sètifika sa yo nan bouda pòch ou ak diplòm ou ki evalye e tradui ou pare pou kòmanse chèche yon travay kounye a, oswa pou w vin yon freelancer nan nenpòt kote ou ye nan mond lan, enkli Ayiti.

Alé sou www.Upwork.com, www.guru.com, www.fiverr.com, www.indeed.com, Fè yon bèl ti pwofil (kopye youn si w pa gen youn) wap jwenn pwopriyetè biznis atravè lemond Ki pare pou peye w $50 a $120 pa è.

PA BLIYE yon diplome pa vo anyen si l paka ede w pran swen tete ou = fè Lajan.

Keep learning

Love ❤️ you

15/04/2022

Welcome to my channel!!

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Le Gosier ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Adresse


Le Gosier, Guadeloupe, Guadeloupe-France
Le Gosier
97190